Bondye kreye yon mond mèvèye

Mwen vle pataje mesaj sa ak nou jodia. Chan an pou Louis ArmstrongEugenia & Robert kreye videyo a. Se jis yon rapèl pou tout moun konsènan mond sa ke nou jwenn opòtinite pou nou viv ladann lan. Kèk fwa, nou konn bliye ke mond sa se yon travay atistik ke nou eritye e nou konn neglije li. Nou ranpli li ak rayisman, ak gwo lanvi k’ap detwi li, ak fatwa k’ap pwazonnen moun, ak vye maladi, e pou nou fini ak li nèt, nou lage bonm ladann. O wi, nou bonbade bèl planèt sa jis kaske li tounen tèt chaje pou nou nèt. Answit, nou vin pi fache lè nou wè sa planèt la tounen ki se rezilta travay nou menm.

Jounen jodi, tout moun gen yon moun yo vle touye! Bidjè gouvènman nou yo mete apa pou yo fè lagè ki pwal detwi planèt la kòm rezilta, plis ke 100 fwa sa yo mete apa pou proteje li. Kidonk, sa kòz nou vin rayi sa nou devni an. Kòm konsekans, nou vin ap bay lòt moun rèsponsab sò nou yon fason pou nou ka kontinye bonbade yo. Wi, pou nou kontinye fè menm bagay yo ki mete nou nan problèm nou ye ya. Mwen panse se yon bèl ide sa!

Frè m’ ak sè m’ nan tout mond lan, jis kanpe reflechi pou yon ti tan e n’ap reyalize mond sa bèl anpil, li kontwi pa yon moun entèlijan, li toujou ap etone nou, yon bagay ke lèspwi ki pi puisan k’ap janm egziste a kreye. Se pa planèt la ki pwoblèm lan, se nou menm; pou mwen pi klè, se fòt sila yo nan mitan nou ki gen move lanvi e ki san pitye. E bagay yo pa bezwen rete konsa pou tout tan, li pa trò ta pou nou chanje fizi nou zepòl. Nou toujou ka chanje; nou toujou ka reveye nan yon mond ki jan li te sipoze ye a. Li sifi pou nou jis vire do bay rayisman, vin jwenn seyè Jezi pou li padone peche nou yo. Se lè sa, pa mwayen Sentèspri li, li va gide nou pou nou rive fè èksperyans ak bote mond lan ke nou te sipoze jwi a.

Oubyen, nou ka jis kontinye fè tèt di, nou ka kontinye di nan kè nou ke nou pa bezwen Jezi pou li chanje lavi nou ak mond nou an. Nou ka kontinye lage bonm toupatou pou nou rive rezoud pwoblèm nou pa mwayen lagè, nou ka kontinye plonje planèt nou an nan fènwa, kontinye ankouraje rayisman ak separe moun an klas, jiskaske nou rive koz disparisyon nou. Se yon chwa ke nou resevwa nan men sila ki tou-puisan an menm yon fason pou li montre nou kòman li rèspèkte dwa nou genyen pou nou chwazi pou tèt nou. Kounya, se devwa nou ak rèsponsabilite nou pou nou fè bon chwa. Kidonk, konsèy mwen te ka bay nou; “Chwazi ak prekosyon!”

Ekri pa : Calebe Davilmar

Loading

Previous Article
Next Article

Leave a Reply