Bondye, Lòm, ak Sali

ÈKSPOZE:

Kèsyon Jodi a se yon kèsyon ki trè popilé nan mitan kwayan yo. Li menm rive divize krayan yo an 2 group selon jan yo konprann volonte Bondye konsènan zafè sali a. Genyen nan yo ki di ke sali a pa gen anyen pou wè avèk lòm ditou. Sa ta vle di ke moun k’ap sove oubyen ale nan lanfè depann de chans yo. Lide sa fè konnen ke Bondye chwazi kèk moun pou li voye nan syèl avèk kèk lòt moun pou li voye nan lanfè san li pa baze sou anyen ki konsène pèsonalite, panse, oubyen chwa chak moun. An rezime: si se chans yon moun Bondye ta chwazi moun sa pou syèl, erezman pou moun sa. Men konsa tou, si mal chans yon moun ta lakòz Bondye ta chwazi moun sa pou lanfé, domaj pou moun sa.

Nan lòt bò a, genyen nan yo ki kwè; wi se Bondye menm ki chwazi moun pou paradi a avèk moun pou lanfè a, men li fè chak chwa depan de enfòmasyon ke li te deja genyen sou volonte chak moun, kè chak moun, avèk desizyon ke chak moun pwal pran depi anvan menm ke moun sa te fèt. An rezime: se pa chans men se kè chak moun ki gide men Bondye sou chwa moun pou paradi a avèk moun pou lanfè a.

GID PANSE:

Bondye konnen pase, pwezan, e li konnen avni tou. Bondye pa gen pou li bay pèsonn rapò sou desizyon li, men li se yon Bondye jis. Li fè tout bagay dwat san patipwi. Jistis fè pati nati Bondye menm. [(Detewonòm 10 : 17 / 32 : 4), (Ak 10 : 34 – 35), (Romen 2 : 11)]

ÒBJÈKTIF:

PEEB vle mete kat sou tab pou li rive fè limyè briye sou sijè sa. Kèlkeswa relijyon ou oubyen pozisyon ou sou sijè a, patisipan nou yo vle aprann pa mwayen kòmantè ou. Di nou kisa ou konprann sou sijè sa men baze kòmantè ou an sou sa labib anseye nou. N’ap vrèman apresye si ou akonpanye komantè ou yo avèk referans biblik. Mèsi pou patisipasyon ou!

ÈSKE BONDYE CHWAZI MOUN KI POU SOVE AVÈK MOUN KI POU ALE NAN LANFÈ SAN SA PA GEN ANYAN POU WÈ AVÈK PÈSONALITE MOUN NAN DITOU?

OUBYEN

ÈSKE SE SELON PÈSONALITE AVÈK CHWA CHAK MOUN KE BONDYE TE DEJA KONNEN KE LI RIVE CHWAZI KIYÈS L’AP SOVE AVÈK KIYÈS L’AP VOYE NAN LANFÈ?

Loading

Previous Article
Next Article

7 Replies to “Bondye, Lòm, ak Sali”

  1. Girl-Buena Poudy

    Bnjr Mwen salye nou nan non Jezi.
    Dapre Mwen pawol BD pa Yon kesyon de kisa lom la panse oubyen kisa yo panse de fason BD fe bagay yo. Taktik sa ap kondi lom nan nan pèdisyon plis toujou. Dayè panse lom ak panse BD se lannwit ak lanjounen. Tout sa Yon Moun ta renmen pote Yon konklizyon sou li de BD nou gen Yon sel referans se labib. Dapre Jn3 v16. Sa montre nou kleman tout bòn volonte ak dezi BD pou sove limanite , sa vle di san eksepsyon. Nan lik 19 v 10 li desann vin cheche pèdi yo. E se nou tout ki pèdi lwen BD ata nati a viktim.
    Nan travay 16 v31 nan vèsè sa li fe apèl a volonte lom poul kwè oubyen refize kwè ki se refize sali BD ofri a limanite a.
    Nou ka konkli ke se a lom poul chwazi sal vle paske BD kite ak libete konsyans li, malgré li ofri e vle pou tout moun te sove . BD pa metel nan pozisyon poul kontrenn pèsonn15 v 1 a 25 Deter30-31 / Jn14v31
    Nan presyans BD li fe lis liv de vi an fonksyon de desizyon li deja konnen moun sa gen pou pran. ( Prédestiné)
    Si pou Bondye pa ta dwe ka fe sa jan anpil Moun ka panse a Bondye tap tou pa BD janl ye a anko ki vle di li tap tou pèdi karaktè omnisyans li a.

    0
  2. Jamesly Charles

    Mwen santi ‘m vrèman kontan pou’m bay opinyon mwen nan sijè a: Bondye, lòm ak sali.
    Se vre gen de moun ki di moun kap sove ou ale nan lanfè depann de chans yo konsa tou genyen ki panse se bondye ki chwazi moun ki pral nan paradi ak moun ki pral nan lanfè ak anpil lòt bagay.
    Pou mwen menm selon sa mwen aprann nan ansyèman PEEB yo, bondye se yon Dye de jistis e amou(1 Jan 1 v 7 e Jan 3 v 16). Li fè tout bagay avèk amou e jistis. Pou yon moun kapab genyen sali a, genyen dè règ pouw swiv selon labib. Ou dwe pran bib la kòm yon bousòl pou gidew lèw trouble ak problème lavi a ak lèw santiw nan dout.
    Pou tèmine, bondye se yon bondye de gras ,de konpasyon e de jistis. Si yon moun pa rive fè sa ki nan volonté bondye li pap ka jwenn sali a , se moun ki rive fè volonte li ki va jwenn sali a.

    1
  3. Lesly Charles

    Pou di vrè, mwen jwenn anpil moun ki toujou ap di ke Bondye deja konnen tout moun ki pral lanfè yo ak tout moun ki pral nan paradi yo, ke yo pa bezwen fè anyen , yap jis rete ap viv jan yo ye a, se tankou yon chans vrèman , si yo pou paradi Bondye ap mete nan paradi. Yo bliye si Bondye chwazi moun selon kè epi yo pa konprann jan 3:16 ,

    2

Leave a Reply