Ou gen bezwen tande sa!

Jounen jodi, “politikman kòrèk” vin tounen nouvo zam Satan ap itilize pou kontwole ou menm rive bloke propagasyon bòn nouvèl Jezi-Kris la. Nou wè anpil move bagay, anpil move konpòtman, avèk anpil sijè ap tounen tabou plis chak jou. Tout moun vin pè pale de yo yon fason pou evite kritik avèk move non ke lòt moun ka bay yo pote. Menm kèk “swadizan” kretyen tonbe nan pyèj sa e vin swa sispann denonse move konpòtman sa yo oubyen kòmanse sipòte yo yon fason pou fè lòm plezi.

Anpil fwa nou (kretyen yo) konnen trè byen ke yon konpòtman pa bon, yon pawòl pa fè sans, oubyen yon desizyon kont volonte Bondye, poutan nou rete silans yon fason pou nou pa parèt opoze a opinyon piblik la oubyen konpòtman ke anpil moun deja prefere.

PEEB vle fè Bondye plèzi e non lòm.

Se pou sa nou kreye sèksyon sila pou nou kapab denonse selon verite Bondye a ki se pawòl li (bib la), tout konpòtman ki imoral, tout aksyon ki fè wont ke n’ap asiste jounen jodi yo.

Klike sou atik sa yo e dekouvri yon verite ke ou bezwen konnen!

Loading

0