Premye reyalizasyon Kan-LABIB PEEB a en Ayiti sou tèm « Evanjelizasyon » soti 22 desanm 2018 pou rive 5 Janvye 2019

Lekòl la t’ap selebre asanble yo fè chak ane a toujou lè nou te vin rive sou plas la. Li te jou klè epi atmòsfè te bon anpil. Ekip mwen an ak tout mwen menm te soti Okap, anviron 45 minit voyaj pou rive nan sèksyon kominal rivyè sale nan depatman Nò peyi a. Gen lòt moun nan ekip la ki te rive anvan nou paske nou t’ap vwayaje separe. Desizyon sa te pèmèt PEEB fè plis ekonomi epi li te rann disip nou yo pi konfòtab tou. L’église évangélique de la rivière salée, sou dirèksyon pastè Jean Nemours, te resevwa nou pou 2 semenn fòmasyon akademik nou t’ap fè sou evanjelizasyon an.

Inisyativ sa vize pou li korije yon karans enstriksyon profon ke n’ap konfronte nan asanble kretyèn yo. Yon karans ki tèlman serye ke li rann devwa pou fè evanjelizasyon an difisil pou manb nou yo e katastrofik pou asanble nou yo. Nou genyen anpil manb ki enplike chak ane, chak mwa, oubyen menm chak jou nan travay misyonè, nan toune evanjelizasyon, oubyen evanjelizasyon moun ki antoure yo. Kèsyon pou nou poze a se : konbyen nan yo ki konnen sa y’ap di a byen ? Konbyen nan yo ki byen fòme e gen sa yo bezwen pou yo evanjelize jan sa dwe fèt ? Dapwè èksperyans, nou konnen byen ke anpil nan yo gen volonte pou yo evanjelize men san kapasite a. yo jis ap repete, san sans, tout sa yo konn tande lòt moun di. Kidonk, lè yo tonbe an fas yon payen ki malen oubyen yon moun k’ap anseye yon doktrin ki pa selon Jezi-Kris, konpayon nou yo konn oblije fèmen bouch yo, oubyen pi mal toujou, yo konn tounnen vin jwenn nou konvenk pa mansonj ak fo doktrin malen sa yo.  Sa se yon problèm nou inyore twòp ! li lè atò e PEEB ap envite tout asanble kretyèn yo pou kole tèt ansanm pou nou rann yon fòmasyon akademik sou evanjelizasyon disponib gratis pou tout manm legliz Jezi-Kris la ansanm.

Sa enpòtan pou nou souliye ke travay sa pa rete sou evanjelizasyon sèlman, men nou kouvwi yon seri ki gen 35 tèm ak sijè ke PEEB jije trè nesesè pou nou rive byen konprann volonte Bondye, papa nou ki gen tout pwisans lan.

Premye kan fòmasyon gratis nou sa te fèt soti 22 Desanm 2018 pou rive 5 Janvye 2019 nan « L’église évangélique de la rivière salée ». 37 moun te deplase ak PEEB, 16 te suiv klas yo kòm disip, 3 pastè te asiste nou epi yon bann lòt moun ki soti nan kominote a ak lòt kote ankò te vizite nou. Pou yon bagay ki t’ap fèt pou premye fwa, se te yon gran siksè, yon èksperyans nou p’ap janm bliye.

Administrasyon PEEB a konnen byen reyalite ekonomik difisil ke peyi a ap konfronte e li te fè tout sa li kapab pou rive ofwi disip yo tout sa yo t’ap bezwen pandan 2 semenn yo. Bagay moun toujou bezwen tankou manje, dlo pou bwè ak benyen, matla lè pou yo dòmi, vansilatè pou goumen ak chalè Ayiti a, kouran ak karo pou pase rad, tout te disponib gratis pou amelyore ti tan disip nou yo t’ap pase ak PEEB a. Menm dokiman ki te nesesè yo, plim ak kreyon te disponib pou yo tou. Nou te pote tout aparèy elèktronik yo ak 2 jeneratè elèktrisite. Sèl prezans ak bòn volonte nou te mande disip yo, anyen ankò paske Bondye, papa nou ki nan syèl la, te vrèman panse a tout sa nou t’ap bezwen e te bay nou 2 semenn aprantisaj agreyab ak fratènite pou avansman levanjil.

Nou dwe rekonèt devouman staf kizin lan te san repwòch tou. Yo mete tan, konesans nan fè manje, ak èksperyans yo pou sèvi travay sa san yo pa reklame anyen pou sa. Yo travay lajounen kou lannwit pou yo garanti 3 repa ke nou te mande yo a, nan lè ke nou te mande yo a. Si yo pa te kolabore ak devouman konsa, klas yo t’ap soufwi anpil. Men, tout glwa se pou Bondye paske li konn planifye anpil ! li prevwa tout bagay epi bay nou moun nou t’ap bezwen yo.

Ansèyman nou t’ap fè a te touche 3 nan disip nou yo menm epi yo te santi nesesite pou yo te mande batèm san yo pa tann ankò. Non yo se te : Sr Francia Présumé, Sr. Jessica Paul, e Sr. Jenny-Flore Dumarsais. Nan kan an menm, yo te mande Pastè Jackson Dumarsais pou li te ranje yon batèm pou yo ak Pastè Legliz ki te resevwa nou an. Pastè legliz la menm te fè batèm lan pou nou nan yon rivyè ki pa te twò lwen. Se te yon jou beni pou yo, pou legliz Jezi-Kris la, ak pou syèl la. Glwa pou Bondye, papa nou !

Teyori se yonn, men pwatik se yon lòt bagay ki konplètman diferan. Apwè anviron 2 semenn fòmasyon ak ègzamen sou evanjelizasyon, nou te vin evalye yo pratikman. Premye plan an se te pou nou te mennen yo deyò tanp lan pou yo te ka rankontre epi evanjelize kèk moun ki payen tout bon pou nou te ka evalye yo. Men, nou te vin gen batèm 3 moun nan lamatine ki ki te diminye tan nou te rezève pou evanjelizasyon an. Kidonk, nou te vin oblije rete nan tanp lan kote yo te evanjelize 2 kretyen ki t’ap jwe wòl payen ; yon kolaboratè predikatè ki rele Fr. Jotam Elange Joseph ak mwen menm, sèvitè ou, Fr. Calebe Davilmar. Poutan, sa pa vle di bagay yo te fasil pou disip yo paske nou fè kont èksperyans nan evanjelizasyon pou nou jwe payen ki difisil. Men disip yo te mete sa yo te aprann nan aplikasyon e yo te reyisi ak bon nòt.

Yo di nan tout bagay, se objèktif la pou nou konsidere. Yon deplasman 2 semenn nan epòk fèt fen ane fè sans sèlman lè nou konsidere objèktif la. « Fòme moun pou yo al evanjelize » se sa ki te objèktif kan-LABIB sa. Klas la pa te fasil paske nou gen yon ti kras tan pou nou konplete li. Men, disip yo te montre yo motive pou konplete klas la. Yo tout te rete fokis jiskaske klas la te fini kwake se sèlman 63% nan yo ki te reyisi moyèn 7/10 ki te mande pou pase klas la pou ale nan volim 2 seri a ki pwal trete tèm « Batèm ak Sali ». Rès disip ki pa pase yo deja motive pou korije erè sa epi ratrape tan ki pèdi a.

Yo tout te travay di men yonn nan disip yo te monte sou tèt rès yo pou li te pran tit loreya klas la ak yon moyèn 9,33/10. Non li se Sr. Rose-Andrelle Gabriel. Li te gen sèlman 14 zan poutan li te deja montre bon konpreyansyon ak entèlijans nan metye pechè nanm lan. PEEB satisfè e syèl la kontan. Glwa pou Bondye pou li ak tout rès yo !

Si ou kwè nan Jezi-Kris epi ou enterèse nan fòmasyon sa, konnen ke nou deja kontan resevwa ou. Kwè nan Jezi-Kris se sèl obligasyon ki bay pou yon moun jwenn fòmasyon sa. Kreye yon kont nan sit entènèt nou an epi n’ap fè ou konnen tout aktivite n’ap fè. Mèsi !

Loading

Previous Article
Next Article

Leave a Reply