Misyon an

Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentèspri a. Montre yo pou yo obsève tout sa mwen te bay nou lòd fè. Chonje sa byen; mwen la avèk nou chak jou, jouk sa kaba.

(Matye 28 : 19-20)

Òdonans sa se rezon ki fè PEEB egziste. Se yon lòd Bondye bay nou ke nou pran trè serye. Se domaj ke genyen moun ki trete lòd sa tankou si se te yon sigjèsyon Bondye te fè yo epi yo aplike li sèlman lè sa nan avantaj yo.

PEEB vle rale zòrèy nou pou nou pran lòd sa tankou yon obligasyon, yon misyon, ke Senyè nou an bay nou. Pote kole avèk nou pou nou rive fè anons levanjil la toupatou epi ansèyman kwayan yo tounen yon priyorite nan lavi nou.