Vizyon an

Bay yon aksè ki fasil ak gratis a fòmasyon evanjelik

pou nenpòt moun ki vle,

nenpòt kote nan mond lan,

nenpòt jou, nenpòt lè

San eksèpsyon, san distenksyon.

 Bay yon aksè ki fasil e gratis a fòmasyon evanjelik:

Sa vle di vizyon PEEB se rann aksè a fòmasyon akademik sou evanjelizasyon vin fasil e gratis. Tout moun bezwen genyen yon fòmasyon solid sou tout bagay ki konsène volonte Bondye, men se pa tout moun ki genyen lajan ase pou peye pou sa. PEEB rete konvenk ke chans pou yon moun jwenn yon bon fòmasyon akademik sou bib la pa ta dwe depann de sitiyasyon ekonimik moun nan. Bondye se wa e tout moun k’ap sèvi Bondye se pwens avèk pwensès. Kidonk, PEEB vle gwo bagay avèk bèl bagay pou ou tou, menm si ou pa ta genyen anpil lajan.

Pou nenpòt moun ki vle:

Sa vle di PEEB pa gen entasyon fòse okenn moun oubyen enstitisyon pou yo vin benefisye travay l’ap fè yo. Nan menm sans sa tou, li pa gen entansyon nonplis pou mete baryè pou anpeche okenn moun oubyen enstitisyon benefisye. Sa rete a chak moun oubyen enstitisyon pou yo jije yo menm e deside si yo vle mele nan travay PEEB ap reyalize yo ou pa. An rezime, si ou santi PEEB se zafè ou, ou mèt gen asirans ke pòt la gran louvwi pou ou!

Nenpòt kote nan mond lan:

PEEB se yon òganizasyon entènasyonal. Administrasyon an genyen plan pou li tradwi tout prodwi PEEB yo nan tout lang moun pale yon fason pou tout moun ki egziste konprann bòn nouvèl Jezi-Kris la. Sa vle di ke vizyon PEEB a pa limite nan frontyè okenn peyi.

Nenpòt jou, nenpòt lè:

Yonn nan rezon ki fè sit entènet la jwe yon gwo wòl nan vizyon PEEB a se paske entènèt disponib tout jou, tout lè. Jeneralman lè yon kretyen konn bezwen enfòmasyon sou yon sijè oubyen yon tèm, li konn gen bezwen planifye anpil jou an avans pou li rive chita pale ak yon pastè oubyen yon moun ki gen konpetans nan domenn sa. Kèk fwa menm, jou konferansye sa konn ap ka disponib pou chita pale ak kretyen sa konn deja trò ta pou sa kretyen an te vle reyalize a. PEEB vle rezoud problèm sa pa mwayen sit entènèt la. Nan paj Etid Biblik la, n’ap jwenn tout kalite etid ak lòt enfòmasyon disponib 24/24 è, 7/7 jou pou tout moun ki bezwen èd. Epi n’ap genyen aksè poze kesyon e jwen repons gratis.

San eksèpsyon e san distenksyon:

PEEB p’ap anpeche pèsonn benefisye travay l’ap fè yo pou rezon tankou laj, koulè, sèks, oubyen nasyonalite. Gran nèg tankou malere ap jwenn menm benefis, menm trètman ak menm respè nan PEEB. Nou p’ap janm gade sou ran sosyal yon moun pou nou deside ki valè n’ap bay moun sa paske nan je Bondye, tout moun gen menm valè.

Loading

0