Ministè Ansèyman

Ministè Ansèyman an se yon depatman ki la pou bay Administrasyon an jarèt. Rèsponsablite li se pou chèche, prodwi, e sipèvize etid biblik ak fòmasyon sou evanjelizasyon ke PEEB ap fè yo. Li òganize pa yon delege Administrasyon Jeneral la, e li anba dirèksyon regleman entèn lan ak Bondye. Regleman entèn nan bay plis detay sou rèsponsabilite li.