Dezyèm reyalizasyon Kan-LABIB PEEB a en Ayiti sou tèm « Evanjelizasyon & Sali » soti 21 desanm 2019 pou rive 4 Janvye 2020

Jou samedi ki te 21 Desanm lan nan aprèmidi, PEEB lanse, pou yon dezyèm fwa, kan fòmasyon biblik li ke li rele Kan-LABIB. Fwa sa, anviron 60 moun te fè deplasman, staf tankou disip. Nou te fè ladesann nan lakou MENH (Mission Évangélique du Nord d’Haiti) pou 2 semenn kan an. Plis ke 2 fwa lavalè disip ki te la ane pase yo te pwezan ane sa. Ke disip ki te la ane pase, ke sila ki te nouvo yo, tout te trè èksite pou pase 2 semenn nan nan etid biblik. Nou te klotire jounen an avèk yon rankont jeneral kote nou te pwezante PEEB a nouvo disip yo, pwezante staf ki t’a pwal jere kan an, avèk disiplin ki alaplas pandan dire kan an. Konsa, nou te soupe, priye, epi nou te al dòmi.

Dimanch maten, tout moun te pwè pou al patisipe nan sèvis legliz la. Se avèk alegrès ke nou te fè sa tou. Kretyen dwe toujou santi li lakay li, kèlkeswa asanble li rive a. Nan aprèmidi vè 3 zè, nou te gen premye aktivite nou nan kad kan an. Byenke se poko klas yo ki kòmanse, men se te kanmenm yon aktivite edikatif kote nou t’ap reflechi sou diferan difikilte legliz la ap travèse avèk solisyon ki nesesè.

Lendi ki te 23 desanm a 7 è nan maten, nou te lanse seri klas yo. Klas evanjelizasyon an te kòmanse anvan (7 – 10 a.m.), answit klas Sali a te pran (10 a.m. – 1 p.m.). Pandan klas Sali ap t’ap deroule, klas evanjelizasyon an te gen ratrapaj. Konsa, yo te gen posibilite revize liv la e poze tout kèsyon ki pa te gen tan reponn pou yo diran klas la.

Yo te gen yon devwa sou misyon legliz la ki nan Matye 28 : 19-20 an. Objktif la se te pou yo devlope 6 pwen kote yo t’ap pale de diferan bagay ki konsène legliz Jezi-Kris la. Yo te gen posibilite pwezante devwa sa endividyèlman oubyen nan gwoup de 2 ou 3 pèsonn. Yo te fè trè bèl prèstasyon nan sans sa.

Kreyòl la di sak vid pa kanpe. Kidonk, te genyen moman ki rezève diran jounen an pou yo te manje. 3 repa te pwezante a yo chak jou. Program la te chaje anpil ki te lakòz yo pa te gen anpil tan, men yo te manje kanmenm. Dejene a te sèvi de 6 zè pou rive 7 è nan maten, dine te sèvi de 1 è a 1 è e demi, e soupe a te sèvi de 8 a 9 è nan aswè.

Te genyen diferan fim nou te pase pou yo sou evanjelizasyon, ministè Jezi-Kris, avèk travay apòt Pòl. Fim sa yo te genyen anpil leson nan yo. Yo te oblije peye anpil atansyon paske t’ap genyen tès apwè chak fim sa yo tou pou nou evalye si yo te konprann.

Te gen moman rezève pou nou te evalye sa disip yo nan klas evanjelizasyon an te aprann. Se sa nou rele evanjelizasyon pwatik la, se kote yo chak te gen pou pwezante pou evangelize yon payen e pwepare pou yo aplike sa yo te aprann selon jan payen an reyaji. Pwèstasyon yo te montre ke yo pa te ap pèdi tan.

Alafen, nou te gen yon moman rezève pou yon seremoni gradiyasyon kote nou te ankouraje disip yon pou travay yo te reyalize diran 2 semenn yo epi remèsye kèk staff pou efò yo ki rann kan an posib. Klas evanjelizasyon an te gen 29 disip, 25 pase klas la e 4 nan yo ap retounen nan menm klas la si yo chwazi tounen nan kan an ankò. Klas Sali a menm te gen 5 disip ki pwezan kwake se 10 ki te dwe la. 5 nan yo te anpeche pou ane sa. E tout 5 ki te la yo pase klas la.

Konsa, nou te kourone 2  loreya pou ane sa e yo chak te resevwa yon laptop. Loreya pou klas evanjelizasyon an se te Sr. Poudy Girl-Buena e loreya klas Sali a se te Sr. Rose-andrelle Gabriel. Li enpòtan pou nou note ke se pou 2èm fwa li loreya nan Kan-LABIB, se li menm ki te loreya klas evanjelizasyon an ane pase.

Byensi, nan fen tout gradiyasyon toujou gen resèpsyon. Pa konn gen selebrasyon san yon repa. Konsa, nou te manje ansanm pou yon dènye fwa epi nou te retounen lakay. Nou p’ap janm sispann remèsye Bondye pou kan sa an patikilye paske te genyen anpil difikilte politik nan peyi a nan moman kan an te reyalize a. men, selon pwomès ke Bondye te deja fè nou, li te pèmèt tout bagay reyalize trè byen e trè bèl. Epi tou nan non administrasyon an, nou vle remèsye tout moun ki te kontribye sou yon fòm oubyen yon lòt pou rann kan an yon siksè! Mèsi!

Loading

Previous Article
Next Article

One Reply to “Dezyèm reyalizasyon Kan-LABIB PEEB a en Ayiti sou tèm « Evanjelizasyon & Sali » soti 21 desanm 2019 pou rive 4 Janvye 2020”

Leave a Reply