Pibliye pòs ou la!

Pataje yon atik ak rès mond lan sou nenpòt vèsè, tèm, oubyen sijè biblik ke ou vle anseye, konsèy ke ou vle pataje, deba ke ou vle fè, lwanj ke ou vle bay Bondye, oubyen jis yon enfòmasyon jeneral ke ou ta vle tout moun konnen. Administrasyon PEEB ofwi ou sèvis sa yon fason pou pèmèt vwa ou touche plis moun paske nou konnen ke ou gen anpil pou ou pataje. Menm jan ak nenpòt pòs nan medya sosyal yo, atann ke moun pwal kòmante oubyen “like” atik ou an tou. Anvan ou pibliye, glise desann anba paj sa pou ou li kondisyon yo paske si ou vyole kondisyon sa yo, non sèlman n’ap efase pòs ou an, men ou ka pèdi opòtinite pibliye ankò.

[user-submitted-posts]

KONDISYON: Sit entènèt sa se pou bagay desan ki demontre rèspè pou Bondye ak pou yonn lòt. Nan lide sa, men kèk kondisyon pou ou rèspèkte yon fason pou ou toujou ka pibliye sou sit sa.

  • TIT LA: Tit la dwe yon rezime de kisa mesaj la pwal devlope. Pran tan pou ou chwazi tit la byen yon fason pou manb nou yo pa desi lè yo li mesaj la.
  • MESAJ LA: Kò mesaj la dwe devlope sa tit la te anonse a. Ekri tèks la nan yon nivo akademik kote nenpòt moun, nenpòt nivo akademik ka rive konprann sa ou vle di a. Lang mesaj la dwe menm ak lang ou chwazi pou sit la. Sa vle di, si sit la nan lang kreyòl, mesaj la dwe an kreyòl tou. Si ou vle mesaj la an fransè, ou dwe tradwi sit la an fransè tou anvan ou pibliye.
  • MO AK PWOPO YO: Evite mo ak pwopo ki endesan. Sonje byen PEEB se yon òganizasyon kretyèn, nou pa menm jan ak “Facebook”. Montre anpil rèspè pou Bondye ak pou moun ki pwal li atik ou an a travè mo ak pwopo w’ap chwazi itilize yo.
  • ENTANSYON OU: N’ap di sa ankò, sit sa pa tankou rezo sosyal yo. Sa vle di li pa la pou nenpòt blag oubyen plèzantri ke ou vle fè. Nou bay ou opòtinite pibliye sou sit sa paske nou kwè ke gen mesaj Bondye mete nan lèspwi ou pou ou pataje ak rès mond lan. Mesaj sa ka gen nati èspirityèl tankou lè w’ap trete yon sijè biblik oubyen nati sosyal tankou lè w’ap bay kretyen konsèy sou byenseyans. Oubyen, ou ka jis vle louvwi deba sou yon tèm kèlkonk. An rezime, PEEB pa vle ou pòste jis pou pòste, men nou vle ou pòste paske ou vle pataje yon bagay ak rès kretyen yo. Pòs ou an dwe tonbe anba yonn nan kategori nou mansyone yo. Si non, ekri nou nan menu “kontakte nou” an pou ou fè nou konnen ki lòt kategori ou ta renmen nou ajoute. Ou pa dwe pòste sou sit sa pou sipòte yon pati oubyen yon lide politik, a mwens ke ou bay vèsè kote bib la sipòte sa w’ap di a.
  • REFERANS: Tout sa ou di ke bib la di oubyen yon moun di, ou dwe mete yon referans pou montre manb nou yo ke sa te di vre. Si ou pa gen referans, pa fè deklarasyon an ditou, oubyen tann ou trouve referans lan anvan ou fè deklarasyon an. PEEB pa vle “voye monte”.
  • FOTO A: Sa pa yon obligasyon pou ou pibliye, ou ka pibliye san ou pa mete foto. Men si ou vle mete foto, ou ka mete yon foto ki sipòte sa w’ap di nan pòs la. Foto a oblije yon foto desan. Si genyen nenpòt moun nan foto a ki abiye ak rad ki vyole prensip sou “KKS” PEEB bay la (KKS: Klè, Kout, Sere), ou pa ka itilize foto sa. Si genyen krim, politik, oubyen vilgarite, ou pa ka itilize foto sa. An rezime, asire ke Bondye ap kontan ak pòs ou an anvan ou peze bouton “submit” la.
  • LIMIT: Pa gen limit sou kantite pòs ou ka pòste sou sit sa. Depi Bondye mete yon bagay nan lèspwi ou pou ou pataje, kouri vini nan sit PEEB a pou ou pataje li. Sa ka pran ti tan paske nou fenk lanse, men pwal gen anpil moun ki li pòs ou an.