Gran misyon anyèl 2017 pa group misyonè “Césarée du Christ”

Group Césarée se yon group misyonè kretyen ki lokalize nan depatman nò ak nòdwès peyi Ayiti. Group la gen 2 syèj nan 2 vil; Okap ak Wanament. Group la gen anviron 500 manb pèmanan men yo pa janm aktif an menm tan. Anviron 100 a 150 manb kapab aktif a nenpòt moman. Genyen ki vini ki sèvi nan group la pou yon tan, epi yo absan pou yon tan, answit yo tounen ankò aprè kèk tan. Se konsa sa toujou ye. Bondye itilize resous finansye ak materyèl manb yo ak kèk lòt sipòtè pou li asire fonksyonnman group la paske yo pa gen legliz ou lòt enstitisyon k’ap finanse yo. Lidè ki antèt group la rele Fr. Golinsky Oreste.

Moun plis konnen li sou ti non “Fr. Gogo”. Group la fonde depi lane 2004 pandan Fr. Gogo t’ap ede fanmiy Erilus Corgelas nan lapriyè. Bondye te beni priyè a e li te vin pran èkstansyon, li pase de yon priyè familyal a yon sèvis priyè regilye toujou nan fanmiy lan avèk kèk zanmi fanmiy lan. Answit, Bondye fè yo gras, kad la vin louvri plis toujou pandan ke lòt moun vin ap tande pale de priyè a e komanse ap vini an foul. Fr. Gogo vin ap mennen moun yo nan jèn sou mòn, vizite yo lakay yo pou priye ak yo, e menm fè vèy-de-nwi ak yo lè pèsekisyon satan dechennen sou yo. Se konsa sèvis priyè yo te vin tèlman evolye, Fr Gogo te vin bay priyè yo strikti yon group e li te bay non : « Césarée du Christ ».
Se konsa group la te vin kòmanse resevwa komisyon nan men Bondye pou yo al fè misyon evanjelizasyon nan diferan zòn ke Bondye chwazi pou yo a travè revelasyon li bay lidè a. Jiska jounnen jodi, lidè group la toujou ap resevwa nan men Bondye, andwa ke li vle yo ale nan chak ane k’ap vini. Group la te nan yon misyon nan zòn île-à-vâche nan lane 2016 la lè Bondye te di yo pou yo ale nan komin Tobèk nan depatman sid la nan ane 2017 la. Se nan komin sa ke misyon sila òganize ane sa.
Travay prensipal group la se òganize 2 misyon evanjelizasyon chak ane. Misyon sa yo vize agrandi wayòm Bondye a avèk nouvo kretyen ki soti nan tout kwen Ayiti chak ane. Group la genyen gran moun, jenn, tankou timoun k’ap milite nan ran li. Li pa anba dominasyon yon legliz, kidonk se nan men sentèspri ke lidè a resevwa lòd dirèkteman.

Misyon sila te òganize soti 11 pou rive 26 Out 2017 nan yon komin ki rele Tòbèk nan depatman sid la. Te genyen anviron 150 manb ki patisipe nan misyon sa san kote sila yo ki te vizite nou pou kèk jou sèlman. Yo te itilize 2 bis e vwayaj la te dire 2 jou paske yo te dòmi nan rout nan yon komin ki rele Leyogàn nan depatman lwès. Yo te planifye ladesann yo nan yon legliz dedye ki rele « l’église de Dieu de Tolière ». Legliz la dirije pa yon pastè ki rele Pastè Michel Lazaire.

Legliz la poko gen 2 zan depi li lanse e kondisyon ekonomik zòn la pa grandyoz. Kidonk kondisyon ekonomik legliz la pa grandyoz non plis. Se yon legliz ki konstwi an bwa palmis e ki kouvri ak pwela. Legliz la genyen yon gran distans pa rapò a lòt legliz ki nan zòn nan. Kidonk, li pozisyone nan yon èspas ki te vrèman bezwen sèvis yon legliz. Aktivite satanik nan zòn lan trè popilè. Se prèske sèl resous ke popilasyon tòbèkwa a genyen, ni pou zafè jistis, ni pou swen medikal, ni pou preparasyon avni yo, oubyen jis pou distraksyon. Nan moman pasaj group la nan zòn nan, anpil jèn kon vye te amikalman identifye tèt yo kòm moun k’ap pratike majik. Men, glwa pou Bondye, yo pa t’ pè admèt devan tout moun ke yo te eseye men yo pa t’ ka viktim nou paske moun k’ap veye sou nou an, se Bondye li rele. Pratike vodou nan zòn nan se yon bagay relaks. Men tou, moun ki pa renmen maji nan zòn nan te trè kontan prezans misyonè yo tankou tè sèch ki t’ap tann lapli. Yo te resevwa misyonè yo ak kè kontan e yo te rann nou anpil sèvis.

          

Pandan yo t’ap fè yon ti skal pou repoze nan depatman lwès la, misyonè yo te mete yon group manb nan lari nan komin Leyogàn samdi ki te 12 Out. Kèlke douzèn moun nan komin nan te resevwa bòn nouvèl Jezi-kris la e misyonè yo, avèk èd sentèspri a, te genyen yon nanm pou wayòm Bodye a.
Epi lè yo te rive nan lokal kote yo desann lan menm, lidè a te mete yo nan lari ankò soti dimanch 13 pou rive madi 22 Out nan komin Tòbèk ap evanjelize chak moun nan chak kay yo jwenn. Plizyè milye moun te resevwa bòn nouvèl la. Nan mèkredi 23 Out, group la te òganize yon jèn 6-pou-6 ak kominote a ; soti 6 zè nan maten pou rive 6 zè nan aprèmidi. Yo te chante, louwe, adore, e priye Bondye ak moun yo. Vè 3 zè konsa, misyonè yo te pran yon poz pou yo te manje ak moun yo.

          
Evanjelizasyon kay-an-kay la rekòmanse an demen Jedi ankò jis rive 25 Out. Yon total … moun aksèpte Jezi-kris. Anpil moun nan kominote a te èksprime satisfaksyon yo ak travay ke yo te wè misyonè yo ap fè a malgre genyen nan yo ki t’ap fè kou rèd toujou.

                    

 

Chak swa de kòmanse 7 è pou rive 10 è, misyoné yo ansanm ak manb legliz la fè sèvis adorasyon nan legliz la. Genyen moun ki ranpli legliz anndan kou deyò paske gen anpil visitè ki vini.

Group la gen yon ti group andan l’ ki rele “Sekouris” ki la pou pote swen ak sèvis bay moun ki nan nesesite. Yo fè deplasman ale vizite moun ki malad ak moun ki nan nesesite. Yo anonse yo bòn nouvèl Jezi-kris la pandan misyonè yo t’ap bay yo lòt swen tou. Anviron 70 moun nan kominote a te resevwa swen ijyenik, medikal, ak finansye tou. Misyonè yo te benyen yo, mete rad pwòp sou yo, konsilte moun ki malad yo, e yo te separe manje, soulye, ak rad bay yo tou. e sila yo ki te toumante pa move èspwi te wè yo chase nan non Jezi-Kris.

                              

Pandan tan sa, timoun ki rete lakay yo profite pou yo mete anbyans, bay Bondye glwa pandan yo t’ap kopye sou sa yo konn wè gran moun yo ap fè. Nan yon bèl patiraj vèt, yo reyini pou yo chante non Bondye, jwe graj, danse ak kè kontan. Se nouvo jenerasyon an ki nan antrènman pou ranplase granmoun yo.

Yon staff kizinye t’ap travay san repo, nan sityasyon difisil, pou yo asire 2 a 3 repa chak jou pou misyonè yo ak lòt moun ki vin ede yo. Nan tan solèy tankou lapli, nan recho chabon tankou 3-wòch dife, yo te detèmine pou yo bay anviron 200 moun manje chak jou. Yo pat touche anyen pou sa. Se benediksyon Bondye sèlman ki te rekonpans yo.

Se travay sa yo ke Bondye ap itilize group “Césarée du Christ” pou li reyalize toupatou an Ayiti. Y’ap fè travay sa yo depi anviron 2004-2005 e yo toujou ap kenbe fèm ak gras Bondye. Si Bondye mete sou kè ou pou ou sipòte yo nan travay sa yo avèk kontak ou genyen, lajan ou, oubyen materyèl ou posede, kontakte administrasyon PEEB e n’ap travay avèk ou pou nou fè èd ou yo rive jwenn lidè group la e n’ap toujou bay ou enfòmasyon sou ki travay asistans ou bay yo ap ede fè. Mèsi e bonswa! Ke Bondye beni ou, Beni group la ak tout mond lan! Amen.

Pa: Fr. Calebe Davilmar

Loading

Previous Article
Next Article

Leave a Reply