Inogirasyon PEEB

Se te nan aprèmidi Jedi 10 Out 2017 vè 4:00, nan lokal kolèj IRCAPH la ki trouve li nan vil Okap nan depatman nò peyi Ayiti ke PEEB te etabli ofisyèlman kòm yon enstitisyon kretyen. Anviron 30 moun te asiste bèl evènman sa byen ke nou te bay li yon lè lafanmiy.

Tan an t’ap rive sou nou, moun te kòmanse ap rasanble, bon ti van t’ap soufle, chalè t’ap monte tou piti, blokis nan lari lekòl la tankou sa toujou ye, te gen kouran, tout bagay te nan plas yo pou te pèmèt nou pase yon bon moman nan fason Ayisyen yo fè sa. Nou pa t’ap ka chwazi yon pi bon moman ke sila. Seremoni an te kòmanse ak kèk mo salitasyon ke Koòdonatè Jeneral la, Fr Calebe Davilmar, t’ap prezante. Aprè sa nou priye Bondye pou nou bay li glwa ak pou nou asire nou ke fèt la ap fini byen. Nou tout te dakò ke san Bondye, nou pa ka fè anyen.

Koòdonatè Jeneral la kontinye ap èksplike envite yo sa ki genyen nan projè a ak sou sit entènèt la. Li te pran tan li pou li kòmanse ak definisyon sig la yon fason pou li rate okenn enfòmasyon ki enpòtan. Moun yo te renmen sa anpil. Yo t’ap poze li kèsyon sou plizyè diferan sijè epi li t’ap reponn yo.

Lè pou yo te pran premye poz la vin rive. Chak moun te jwenn kèk minit pou yo te al satisfè nenpòt bezwen yo te genyen. Kèk moun te profite tan sa pou yo pale de bagay ki pase nan tan yonn pa t’ wè lòt, kèk lòt t’ap poze plis kèsyon toujou, e timoun yo menm t’ap nwi yonn lòt. Tout bagay t’ap deroule trankil e an pè.

Yo vin retounen bò tab yo pou seremoni an ka kontinye. Se te lè pou nou te proklame kreyasyon PEEB kòm yon enstitisyon ki te prèt pou sèvi kòz levanjil nan yon fason ki ofisyèl. Sa nan abitid nou pou nou itilize bwason chanpay la lè n’ap selebwe yon moman enpòtan nan vi nou. Kidonk, Koòdonatè Jeneral la kòmanse prepare boutèy li a pandan l’ap bay envite yo ti odyans. Chak tab te genyen boutèy chanpay pa yo. Yon moun nan chak tab t’ap prepare boutèy pa yo tou. Asanm, nou te fè chanpay benyen sal la e tout moun te bwè mezi yo te vle.

          

Yon group kizinyè te bay tèt yo pou yo te prepare bon manje pou nou. Se te lè pou nou te al sou tab. Tout manje te sou tab la. Tout moun te ka chwazi sa yo te vle. Te gen kè kontan nan sal la e tout moun t’ap manje ak apeti. Timoun yo t’ap fè liy lan pran tan men pèsonn pa t’ wè sa menm. Anbyans lan te tèlman bon, anyen pa t’ ka deranje li.

          

Lè te vin rive pou yonn nan moman ki pi enpòtan nan seremoni an. PEEB te trouve sa t’ap bon pou li te bay 50 paran yon yon kout men ak ane lekòl la lè li te prezante valiz lekòl ak kèk lòt materyèl pou klas a timoun ki te afilye a projè a pa mwayen pastè yo. Sou valiz yo te genyen logo projè a, adrès sit entènèt la, ak email PEEB. An premye pati, timoun ki te la yo te gen chans genyen valiz pa yo pandan yo t’ap reponn kèk ti kèsyon senp. Kòm ègzanp: Konbyen pitit Bondye genyen, Ki non pitit gason Bondye a, Èske ou renmen Jezi? etc… Yo t’ap reponn ak asirans. Glwa pou Bondye! Se te bèl bagay nèt pou nou te rankontre timoun yo. Ansuit, nou te rèmèt pastè yo rès valiz yo ki te aksèpte rèsponsabilite pou yo te idantifye timoun ki te plis bezwen èd la.

                    

Nan nivo sa, se te prèske lè pou nou te fini seremoni an. Nou te rete jis pou nou te idantifye manm biwo ak ministè yo epi tèmine seremonie an. Biwo ak ministè yo te genyen anviron 12 manm, 6 nan yo pa t’ ka prezan. Nou te pale de ki rèsponsabilite chak moun te genyen e yo te trè kontan pou yo te asèpte nouvo rèsponsabilite yo. Nou te fè foto ansanm e PEEB te fè manm komite yo kado plim, kat afè, ak tas ke nou te kreye selon nou menm.

Nou te priye Bondye ankò pou nou fini seremoni an. Kizinyè nou yo, pou yon lòt fwa ankò, te montre yo pa konn fatige pandan yo t’ap montre volonte pou yo te netwaye sal la e retounen tout bagay nan plas yo.

                    

 

Pa: Calebe Davilmar

Loading

Previous Article
Next Article

Leave a Reply