Logo a

Sa se logo ki reprezante sèlman Projè Evanjelizasyon ak Etid Biblik la. Se yon dokiman orijinal e siyifikatif ki kreye avèk fyète pa Administrasyon PEEB a. Koulè ki chwazi yo se ble ak rouj pou senbolize atachman projè sa a peyi kote li fonde a ki se Ayiti. Lèt ki nan sig la separe an 2 group e plase nan 2 bò imaj la pou senbolize 2 gran branch projè a:

Evanjelizasyon & Etid Biblik

Imaj ki chwazi a sanble ak flanm dife pou senbolize dife Sentèspri a ki ap asire dirèksyon projè a nan mond lan.