Administrasyon
PEEB resevwa epi priyorize lòd Jezi-Kris pou li evanjilize mond lan e fè anpil disip (Matye 28 : 18-20). Kidonk, nou pwal bezwen tout èd ki disponib ak bòn volonte kèk kretyen ki devwe epi ki vle bay tèt yo pou akonpli misyon sa.
Men moun k’ap travay pou fasilite misyon ke PEEB genyen an. Kretyen sa yo soti nan diferan asanble nan mond lan. Yo chak pote kapasite, èkperyans, motivasyon, ak dedikasyon ki diferan nan PEEB pou sipòte misyon ke nou resevwa pou nou akonpli a.
Administrasyon an divize an 4 biwo ak 2 ministè:
Biwo Koòdinasyon Jeneral
Biwo Administratif
Biwo Lojistik
Biwo Akademik
Ministè Ansèyman
Ministè Priyè
Tout tèt Biwo ak Ministè yo mete ansanm fòme PANO DIRÈKTÈ a.