Dwa ou genyen kòm sipòtè
Dwa ou genyen kòm sipòtò PEEB yo garanti epi me yo :
- Dwa pou ou bay volontèman san okenn fòm presyon, limit, oubyen obligasyon
- Dwa pou ou bay nan lè, andwa, program, ak aktivite ke ou chwazi selon ou menm
- Dwa pou ou genyen yon nimero sipòtè ki afiche sou rapò finansye yo
- Dwa pou ou genyen aksè gratis a tout rapò finansye yo
- Dwa pou ou wè tout don ou yo, kèlkeswa nati yo, afiche sou rapò finansye yo
- Dwa pou ou mande èksplikasyon sou tranzaksyon yo
- Dwa pou ou anile pou yon ti tan, oubyen pou tout tan, relasyon sipòtè ke ou te genyen ak PEEB nenpòt lè
NB : Dwa ki mansyone anlè a se sèl dwa ke Administrasyon an garanti a sipòtè nou yo. Si ou ta va genyen lòt demand, Administrasyon an ap deside si l’ap satisfè yo ou pa.
[table id=10 /]
[table id=11 /]
[table id=12 /]
PEEB ap di ou mèsi anpil pou sipò w’ap bay li yo. Syèl la tou kontan avèk ou dèske w’ap ede zafè wayòm Bondye avanse nan mond lan. Paske ou se sipòtè, PEEB ap fè ou konnen projè li genyen yo ki poko jwenn finansman. Pa bliye, PEEB pa vle bay ou okenn obligasyon ke ou pa ka pote. Se sèlman si mwayen ou pèmèt ou, w’a kontinye ede nou pouse levanjil pi devan. Klike sou lyen sa si ou ta renmen konnen projè n’ap travay sou yo nan moman sa. Mèsi!