Triyang DMV a

Triyang sa fè 3 dokiman ki èksplike rezon ki fè PEEB egziste a jwenn ansanm. Sig DMV a se yon rezime 3 dokiman ki sèvi pilye pou projè a: Definisyon, Misyon, ak Vizyon. Se pou sa menm, si ou t’a vle konprann kisa ki anndan vant projè a, ki entansyon nou genyen, e nan ki metòd nou travay, san dout ou ap bezwen li e konprann chak dokiman sa yo. Administrasyon an ap toujou la pou li reponn kesyon ou yo.

  1. DEFINISYON PEEB a pale ou jan projè a konstwi

  2. MISYON an di ou ki otorite ki bay nou manda pou nou anseye e fè disip nan non Jezi-Kris

  3. VIZYON an klarifye kijan PEEB pwal akonpli misyon li ak lòt travay li vle fè nan mond lan