Don
PEEB se yon enstitisyon ki endepandan. Kidonk, finansman sèvis avèk program li yo pa garanti pa okenn lòt òganizasyon oubyen endividi. PEEB depann konplètman sou Bondye pou li kontinye egziste e akonpli mission li. Nan sans sa, si Bondye pale nan kè ou pou ou sipòte projè a, nou deja trè rokonansan anvè ou pou sa. Konnen byen lè ou kontribye nan projè sa, ou vin fè pati group sipòtè nou yo e sa vin bay ou kèk dwa ke administrasyon an garanti pou ou. Men, ke ou ta vle sipòte nou yon fwa ou plizyè fwa, se pou ou enskri tèt ou nan lis sipòtè nou yo. Enskripsyon sa enpòtan pou nou ka garanti dwa ou genyen kòm sipòtè nou. Men, ou mèt trankil, nou pap janm itilize enskripsyon ou an pou anyen ke nou pa devwale bay ou.

NB : Lè yon moun vin sipòtè PEEB, ou p’ap genyen okenn obligasyon sou fason ak kilè ou fè yon don. Tout bagay ap selon ou menm. Don ou yo ap toujou jwenn apresyasyon men janmen jwenn egzijans.
Si ou deja prè pou ou fè don ou yo, PEEB ap resevwa yo sou 3 fòm sa yo : lajan, meteryèl, ak sèvis. Sèl pwen kontak sa yo jwenn pèmisyon Administrasyon Jeneral la pou yo resevwa don ou yo. Pou nou rann bagay yo fasil pou ou, nou bay ou plizyè kontak pou ou chwazi. Silvouplè, pa bay pèsonn don ou an si non yo pa sou lis sa nan moman w’ap fè don an. Klike sou chak lyen sa yo ki anba a pou ou ka afiche koòdone chak moun. Itilize koòdone yo pou ou kapab kontakte moun nan yon fason pou ou planifye jan w’ap fè don an. PEEB di ou mèsi deja! Men moun ki gen pèmisyon pou resevwa don ou yo:
- CALEBE DAVILMAR – Koòdonatè Jeneral
- Pastè JACKSON DUMARSAIS – Administratè biwo lojistik la
- Pastè RÉNAUD CORGÉLAS – Administratè biwo Verifikasyon an
- Pastè JOHNSON DANTÈS – Administratè biwo Administrasyon an
- GASNOT DAMÉUS – Delege biwo lojistik la
Klike sou lyen sa si ou ta vle konnen kòman PEEB ap itilize don ou yo!