Pale sou tèm sa pou ou Genyen 500 Pwen (19 Sèptanm – 2 Oktòb 2020)

Pale sou lapriyè

Tèm sa ap fèmen nan 2 semenn (14 jou), nan dat: 2 Oktòb 2020 a 11:59 P.M.. Moun ki genyen an ap resevwa yon email ki enfòme li sou balans pwen li. Answit, li ka itilize pwen li yo pou achte machandiz oubyen lajan kash. Machandiz ou lajan ap remèt nan Kan-LABIB k’ap vini an.

N’ap chwazi moun ki genyen an selon kritè sa yo:

  1. Repons kòrèk. (sa vle di: tout enfòmasyon yo dwe biblik e avèk referans)
  2. Repons konplèt. (sa vle di: mansyone tout enfòmasyon ki konsène kèsyon an, sijè a, oubyen tèm lan)
  3. Repons nou resevwa anvan an. (Sa vle di: byen ke nou konseye ke ou pran ti tan pou verifye ke repons ou kòrèk, yon moun ki bay menm repons avèk ou men ki soumèt repons li anvan ou ap pase sou tèt ou. Men, sonje byen, soumèt yon move repons bonè pi mal ke soumèt yon bon repons ta.)
  4. Pa gen dezyèm plas. (1 ganyan sèlman k’ap chwazi)

Loading

Previous Article
Next Article

Leave a Reply